Tanbou-Freedom

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2016
Produced By-Manito Nation
Lyrics By-Christopher Laroche
[Intro]
Manito Nation

[Verse 1]
Bonjou mouche tanbou
Jodi a n envite w vin repran plas ou nan lakou a
Se son libète nou
Kè sanba k ap bat an inison la nan lakou a

[Hook]
Freedom, freedom
Bonjou mouche tanbou
Freedom, freedom
Bonjou mouche tanbou

[Bridge]
Depi l tande l, konnen l ale
Li pran lari pou l al danse
La monte wo pase on fize
Pou fè yon jan pou n enspire
Depi m tande tanbou m frape
Konnen s on mouvan k derape
Ya mete men anlè frape
Wa tande son chèn yo k ap kase

[Pre-hook]
Wo o o o o o
Adje wo, tanbou

[Hook]
Se tanbou m li ye

[Chorus]
Kote bon moun yo ye?
Kite limyè n klere tout kote nou pase
Kote bon moun yo ye?
Adye adye wo
Kote bon moun yo ye?
Kote nou ye la?
Kote bon moun yo ye?

[Verse 2]
Bonswa mouche tanbou
Aswè a m envite w vin repran plas ou nan peyi a
Gen moun ki t ap tann ou
Yo bezwen son zansèt an nou pou yo ka jwenn limyè a

Adye wo

[Bridge]
Depi l tande l konnen l ale
Li pran lari pou l al danse
La monte wo pase on fize
Pou l fè yon jan pou n enspire (Freedom)
Depi n tande tanbou m frape
Konnen s on mouvan k derape (Freedom)
Ya mete men anlè frape
Wa tande son chèn yo k ap kase

[Pre-hook]
Wo o o o wo o wo o
Adye wo, tanbou
Adye wo

[Hook]
Se tanbou m li ye - fòs

Son ti tanbou pana ban m fòs
Lè yo tande li yo jwenn fòs
Yo di kle linyon se lafòs
Tankou s on maji pou jwenn fòs

Freedom

[Pre-hook]
Adye wo, tanbou

[Hook]
Se tanbou m li ye - fòs