Map Tann Ayiti Pam Nan-BIC

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2016
Lyrics By-Roosevelt "BIC" Saillant

[Intro]
Tout Ayiti k pa bon pou youn, li bon pou lòt

[Hook]
Mwen wè Ayiti gwo chabrak yo
Mwen wè Ayiti etranje yo
Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon
Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan
Mwen wè Ayiti gwo palto yo
Mwen wè Ayiti Minustah yo
Se pa pou tout moun ke Ayiti pa bon
Ak lafwa, m ap tann Ayiti pa m nan

[Verse 1]
M pa ka viv isi, m pa ka viv laba
M pa nan hamburger, m pa nan pen ak manba
M pa anyen isi, m pa anyen deyò
Donk m s on kèlkonk moun ki dòmi deyò
Konsitisyon pwomèt mwen asistans,
Men sa date de tèlman lontan m vin gen degoutans
Lè m mande paleman ki sa li ka fè, li di m lwa se papye, bayonèt se fè
M vin konprann ke m lage poukò m nan yon savann,
Se mwen ki pou rele, se mwen ki pou reponn
Mwen pase anba fil, mwen pran kantè
Men lòt peyi yo ban m enstalasyon, yo pa ban m kontè
M vin tounen yon dyaspora ilegal ki t ap chache on maleng pou l grate ki jwenn yon pè gal
Se kò m ki laba, lespri m Ayiti
Podyab malere pa vwayaje, se pati l pati

[Hook]

[Verse 2]
Bò isi blanmannan gen valè pase nou
Yo posede byen pase nou, yo sekirize pase nou
Yo manje pi bèl pwason pase nou
Yo bwè pi bon ji pase nou
Yo gen tè pase nou
De ki Ayiti w ap pale hein?
De sa ki bon pou yo a, ou de sa k ap fè nou soufri a?
Di m de ki boujwazi w ap pale? O an verite yo bon pou pri a
Pi gwo lapenn lè m vwayaje se lè m kontre Ayisyen ki posede plis ke 2 bacc
Yo te anvi rete pou mennen bak yo, men mache an Ayiti a kraze pak yo

[Hook]

[Bridge]
Pi bèl kokoye yo se pou yo
Pi bèl bout yanm yo se pou yo
Ey plaj yo se pou yo
Peyi Desalin nan se pou yo o
Pi bèl fanm kreyòl se pou yo
Bèl otèl se pou yo
Yo gen 27,750 kilomèt kare
Se mwen k pa gen peyi

[Hook]

Tout Ayiti k pa bon pou youn, li bon pou lòt
BIC Tizon Dife

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016