Viktwa-Freedom

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2016
Produced By-T-Ansyto
Lyrics By-Freedom
[Intro]
Limyè sa se limyè sa l ye
Freedom

[Verse 1]
Èske w la pou w sove peyi w oubyen w vin la pou w plen pòch ou
Ou vin dirije avni n oubyen w vin ede n pran detou
Ou jije moun sou sa l sanble oubyen sa k andan tèt ou
Èske w ta pito on chato sou sab pase on pyès kay sou wòch tou
Èske w tap ede n pote chay la ou met plis sou twòk nou
Èske w se politik tounen biznis oubyen w la pou tèt nou
Èske w sonje sa nou sakrifye, èske w konnen istwa nou
Oubyen èske w santi w deprime paske w te pèdi moun tou
Èske ou viv nan reyalite oubyen ou viv nan rèv ou
Èske w son patriyòt la kòmanse pa rekònèt nou
Respekte kominote a oubyen ou pa care tou
Èske ou oblije bwè tafya oubyen w la w ap fimen bòz tou
Èske sa se lajan sal li ye oubyen ou te travay di tou
Èske w ta renmen peyi n pwogrese oubyen nou fè bak
Èske w ta renmen nou viv an pè oubyen nou viv an atak
Sa se politik ou polemik, Ayiti di yo sa

[Chorus]
Tout pwisans egziste la avè w lè w ap mache
Fòs limyè andan w te ka klere tout on katye antye si nou te inifye
Kle tout pòt pouvwa n nan kè n Pouvwa nan men n kisa n ap fè
Fòs nou fyète ka kite n klere tout on peyi antye si nou te rasanble
Viktwa viktwa viktwa sa, la n ap rele
Viktwa viktwa viktwa sa
Papa Bondye manman Mari ede nou kreye paradi
Pèp Dahome an Ayiti repons problem nou te ekri sou drapo li
[Verse 2]
Yo te di n linyon fè lafòs se repons pwoblem nan
Paske m ta pito wè batèm pase m wè antèman
E lè m wè timoun nan mizè se tankou m wè frè m nan
Kòmsi l te chita bò kote m e n ap reve chanjman
Èske n ap dekouraje moun oubyen envesti nan lespwa
Èske si m fè on pitit an Ayiti li ka jwenn fiti la
Èske se on maladi mantal ki fè w bliye se fanmi m sa
Èske w te janm viv nan fè nwa w al chèche dlo nan tèt mòn nan
Èske si n edike pèp la yo t ap sispann koupe pye bwa
Èske si jenès jwenn travay anpil vyolans pa tap sispann
Èske n ap janm kanpe ansanm si se pa menm rèv nan defann
Èske si m pran tout kesyon m met nan mizik mwen nou t ap reponn

[Chorus]

[Outro]
Bondye se wa a rèn sèlman l kreye
Pa kite sikonstans lavi a fè w bliye sa
Chak moun s on mirak pou tèt li
Mirak rive sonje fiti a se nou l ye
Pouvwa nan men nou an ale