Ti Mari Bèl Gazèl-BIC

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2016
Lyrics By-Roosevelt "BIC" Saillant
[Intro]
Defen Black Alex t ap di madmwazèl
Mwen menm mwen di, Ti Mari bèl gazèl

[Hook]
Anba je m la a, ou la w ap pase desann, pase monte
Ou pa pote chevè sou tèt men ou pote de bèl tete
Ou pote fedatifis nan je ou, ou pote patdantifris nan bouch ou
Ou pote

[Verse 1]
Obsèvasyon pi enpòtan ke pote boure
Eksperyans montre m sa jodi a, que Dieu soit loué
M pa fè tèt cho ankò lè m kwaze yon bèl bote
Pi bèl teknik pou labouyi cho, se pran l sou kote
M konte anpil men ou diferan de lòt yo
Si mesye yo tranpe nan pantalon yo se pa fòt yo
Ou mache tankou amatè k ap konte ti kan
Ak de bèl janm pwofesyonèl tankou Wilner Piquant
Lè w prese ou tankou la belle capoise
Koub ou reyalize pa ka trase sou adwaz
Pou foug ak enèji ou se Artémise, 4 motè
Lestomak bonbe, dada kanpe 17 wotè
Ou pa sanble ak aktris Hollywood yo
Ou plen nan tout kò w, e ou bèl san kouch poud yo
Bouch ou pwès, po w gra – echantiyon bèl fanm Ayiti Toma
Nèg ki apwoche w deja di ou sovaj
Yo pale de ou tankou yon bèt michan ki pa nan kaj
Se paske yo gen kòd yo pa ka lanse w
Chak gen yon fwèt nan men yo men yo pa ka donte w

[Hook]

[Verse 2]
Ou pa fanm vant kole nan do
Ou se yon fanm djanm, vyann anba po w
Ou solid, ou pa ta di on chasi bato
Ti blòde ak brendjenn pa ka ba w mato
Pou gen rezon devan kras fò w benyen
Se pou sa ou pa sezi devan byen on gason genyen
Ou se defi yo pa ka leve a, ti madanm ki fè yo nève a
Ou se mayi ki nan boutèy la
Pye w kase bèk yo lè yo monte sou zòtèy la
Ou mete prensip sou yo, ou mete yo sou men yo
Ou se yon Ti Mari bèl gazèl vre

[Hook]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016