Flote L Wo-Steves J. Bryan

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2019
Lyrics By-Steves J. Bryan
[Intro]
1 + 7
Yo
This is Steves J. Bryan
Si verite te on rad nèg sa yo tap mache sal

[Verse 1]
Anba je yo la pitit pèp la ap grandi
Anba je yo la grenn pa grenn y ap depeyize
Anba je yo la kit ou pran pwen kit wap priye
Nan pye Jehova nou tout g on bagay n ap chèche
M wè wap bay tèt ou manti
Kit ou ret anlè ou anba di w la ou g on misyon
Se Ayisyen k fè Ayiti
Si w wè pwoblèm deyò a se paske n merite on netwayaj anndan
G on jan ou wè l men g on jan l ye
N on ti pò ki chaje prens se kontradiksyon ki wa
Yo di nou rayisab poutan n renmen tè nou
Lè yo pap vann peyi yo pitan vin vann lafwa

[Hook]
Tande kri a oh
Yo vle bouche bouch nou
Men yo bliye si silans konn pale – kite m di sa oh
Yo panse n nan fè nwa men nou jwenn limyè anvan soley leve
Tande kri a yo
Yo pito ba nou zam olye yo ba n verite – kite m di sa oh
Depi w renmen l ak kè w wap kontan wè l pwogrese

Flote wo, flote wo
N ap flote oh, flote wo

[Verse 2]
Pitit yon Dominikèn ki renmen a yon Ayisyen
M te gentan travay sou tèt mwen
Sa vle di m konn rasin mwen byen
Soy el nino de la isla un artista
Alma de un leon el ultime campion
M konn lè pou m limen balèn m konn lè pou m jete wonm
M konn sa k mache avè m sa k pi enpòtan m konn non m
Jistis m vin mande jistis men mezanmi sa tris
Sa k tap pale yo konplis
Depi lè nèg yo met vès yo bliye sa yap defann
Dèyè je yo pa gen nanm
Yo bliye si se machann ki manman n

[Hook]
Tande kri a oh
Yo vle bouche bouch nou
Men yo bliye si silans konn pale – kite m di sa oh
Yo panse n nan fè nwa men nou jwenn limyè anvan soley leve
Tande kri a yo
Yo pito ba nou zam olye yo ba n verite – kite m di sa oh
Depi w renmen l ak kè w wap kontan wè l pwogrese

[Hook]
Tande kri a oh
M di 1 + 7 ou konnen l egal wouj e ble – kite m di sa oh
Nan non premye papa High Mind s on religion li ye

[Outro]
Flote wo, flote wo
N ap flote wo, flote wo
Nice beat
ahah