LOL-Klass

Genre-Konpa
Year-2016
Produced By-Jean H Richard (Ritchie)
Lyrics By-Jean H Richard (Ritchie)
Cheri zanmi w' lan cheke m
Pandan l'ap ba'w presyon pou kite'm
Li fè jounen an ap texte'm (sa deranje'm)
Li tèks ou avè'm li t'ap fèl
Aprè sa'l tèks ou LOL
M ta renmenw fixe manzel

Yo di se vre vraies amis sont rares
Fow konn chwazi zanmiw
Pou lasosyete pa ri w
Il ne faut jamais se fier au hazard

Yon zanmi s'on frè, s'on sè
Men lè'l jalou li s'on kansè
Ki ka mennen ou anba tè - nan simityè
Lakay ou l' dòmi l' leve
Nan menm frijidè n'ap manje
Epi se mari'w lap tcheke - sa anranje

Yo di se vre vraies amis sont rares
Dèfwa fòk ou mefye w
Zanmi sa yo s'on danje
Il faut jamais se fier au hazard

Cheri ou wè'l bon'm mwen pa pran
Aprann ti leson sa a tande:
"Si kouri pa't gen bouke yo pa t'ap janm kenbe vòlè" (Anmweyy)
Nan moman sa a papa Klass la pa gen tan, nou palayi, nou palaya

(Chante)
Yo bò kote'w, y'ap boykote'w
Fok ou veye, pou pa rele e
Cheri yo pran w, nan LOL
Se pa de moun ki pran nan bagay sa,
Yo gen lè pranw nan LoL
Fò w veye

Pa fiye, m' diw pa fiye
Pa fiye zanmi fi ak mennaj ou
Pa fiye, m' diw pa fiye
Pa fiye zanmi fi avèk mari w

Li di'l zanmiw - Li di'l zanmiw
Pouki lap tcheke mariw? - Paskel s'on kouto 2 bò
And she's your friend - she's your friend
And why is she after your man - babygirl ain’t loyal

Pa fiye, m' diw pa fiye
Pa fiye zanmi fi ak mennaj ou
Pa fiye, m' diw pa fiye
Pa fiye zanmi fi avèk mari w
Li di'l zanmiw (Li di'l zanmiw)

Cheri m vle viv avew m kenbe kè
Sèlman siw pa gade devanw wap pran nan LOL
Woy woy wa

An jwèt yo batize jwif, ou diw pa gen kouran
Kounye a ou okouran de Klass papa
Start ti machin nan (2x) - Zoukap
Klass ala djaz jwe konpa papa – yo pa ka fè sa papa
Woy woy who
Ti medam devanm yo, si w pap bay kou nan do
Foure men nan valiz nou, rale telefòn nou, take a selfie

Men diferans ant zanmi jalou e lènmi
Li pa anpil non,
Nou pral jwe ka lènmi yo dabò
Tande sa

Yo pa vle kèw kontan siw wè sa - dutou dutou
Lènmiw pa vle w gen lajan ni bèl fanm - dutou dutou
Yo pa vlew fè suksè, yo pa vle w gen pouvwa - dutou dutou
Yo pa vle ke w kontan non, menm
Men yo ta vlew elimine

Au tour des amis jaloux

Kèw gen dwa kontan, men pasel
Ou gendwa gen lajan bel fanm, men pa pasel
Ou fe sukse, ou gen dwa gen pouvwa, pa pasel
M pap pran nan kalori non mwen menm
Si zanmi an jalou ou pral pran kou
Start ti machin nan (2x) - Zoukap