Confession-Carimi

Genre-Konpa
Year-2009
Konn sa m kite m pa konn sa m pral jwenn

Mon pè èske m mèt pale – wi mon fils pale pale w
Mwen di mon pè èske m mèt pale – wi mon fils

Nan lavi on gason Bondye chaje touman – yeah yeah
Touman m sèke m renmen fi m tap fè jènjan – hm hm
Menaj mwen dekouvri ke m tap twonpe l
Tout sa mwen fè pou l padone m, li pa dakò

[Chorus]
Konn sa m kite m pa konn sa m pral jwenn
Mande l pou l retounen
[2x]
Mwen di fòk mwen tounen – ou pa ka tounen
Oh wi fòk mwen tounen – yeah yeah yeah

Li pa reponn lè m rele l sa toumante m – yeah yeah yeah
Kijan m fè pou m respire si nan je l m pa ekziste – hm hm
Pou ou m ap viv cheri mwen tèt anba
Si gen on moun ki santi doulè m, tanpri chante avè m

[Chorus]

Konn sa m kite m pa konn sa m pral jwenn – hm hm
Konn sa m kite m pa konn sa m pral jwenn

[Keyboard]
Mon pè pale avè mwen
Fè m jwenn jistis mwen
Fanm deyò pa ladann

M ajenou, m ajenou nan pye w
Pou jwenn padon m ap fè sa w vle
m ajenou nan pye w
pou m jwenn padon m ap fè sa w vle fò w konprann sa
m ajenou nan pye w
pou jwenn padon m ap fè sa w vle Cherie
m ajenou nan pye w
pou jwenn padon m ap fè sa w vle

Cherie map konfese
Sa k te di m twonpe w, m tounen nan pye w

Pi wo (3x) – m ap mande gras
Pi wo (3x) – cheri kè m las

Oh cheri m ap konfese – konfese
Tanpri padone m – padone m

[Guitar]

Mwen pran nan cho
Woy mwen pran nan cho

[Chorus]
Konn sa m kite m pa konn sa m pral jwenn
Mwen Mande l pou l retounen
[2x]
Mwen di fòk mwen tounen – ou pa ka tounen
Oh wi fòk mwen tounen – yeah yeah yeah