Ban Mwen L Non-4mula

Genre-Konpa
Year-2015
[Verse 1]
Sa gen lontan w ap fè m mache
Matin midi swa m ap pale
Tout bèl pawòl k ekziste pou fè w konprann jan mwen tonbe
Ou fè kòmsi m pa nan lide w men w konnen byen ke se pa vre
Kounya cheri lè a rive
[Chorus]
Ban mwen l non
Ti bouch ou, ti lanmou - ban mwen l non (2x)
Tandrès ou, karès ou – ban mwen l non (2x)
Oh cheri m pa ka reziste, chak fwa m wè w m dekontrole
Sa gen lontan m ap gade tèt mwen ale pasa kenbe
[Verse 2]
Mwen pran pasyans m pa janm prese ba ou tout tan pou w deside
Pou mwen kite lanmou rantre pou n al renmen nèt al kole
Kounya m santi ke nou pare, e nou pa bezwen ezite
Mèt kwè m lè m di w lè a rive baby
[Chorus]
[Guitar solo]
[Chorus]
Ouh oh ouh oh – lage kò w nan bra mwen
Ouh oh ouh oh – kite m karese w
Ouh oh ouh oh – baby an nou love cheri
Ouh oh ouh oh – m ta manyen w la, karese w la, miyonnen w la
Ouh oh ouh oh – lage kò w nan bra mwen
Ouh oh ouh oh – an nou karese
Ouh oh ouh oh – an nou love cheri
Ouh oh ouh oh – baby m ta manyen w la, fon w ti bo la, karese w la
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016