Nwèl Lakay-Shabba Djakout

Genre-Konpa
Year-2015
Lyrics By-Shabba
Joyeux Noel wi
Mery Christmas

Depi epòk sa rive vil Pòtoprens klere wo
Tout timoun nan lari yap limen pidetwal yap fete
Depi epòk sa rive tout vil provens klere wo
Azibe, Melanie nan lari yo pral lames minwi

[Verse 1]
Pa gen pi bèl epòk ke epòk mwa Desanm
Se moman ki pot lajwa nan kè tout moun
Tout katye dekore, abdenwèl yo byen klere
Tout moun ap tan minwi rive poun di Joyeux Noel

[Chorus]

[Verse 2]
Sa m renmen lè fèt nwèl pa gen rich pa gen pòv
Chak moun fete l nan jan pa yo, ala yon bèl tradisyon
Nan nwit kou lajounen telefòn ap sonnen
Tout moun ap di w Joyeux Noel
Merry Christmas, felis navidad

[Hook]
Joyeux Noel, Joyeux Noel
TI Jesus pat fèt lopital, li te fet nan yon nich pay
[2x]

[Keyboard]
Wi nap fete
Nesans Jesus Christ
Se Noel nap fete

Noel se fèt la delivrans
Granmoun kou timoun ap tann kado
Tonton nwèl met sak ou sou do w
Noel se fèt ki pot lajwa
Zanmi k fache rekonsilye
Sa kap di lòt Merry Christmas

Se Noel, nap fete

[Keyboard]
Sa ki nan reveyon
Bweson ap koule
Sa ki nan mès minwi – anbyans kabrit anpil tafya

[Hook]
Joyeux Noel, Joyeux Noel
TI Jesus pat fèt lopital, li te fet nan yon nich pay
[2x]

Wi nap fete
Nesans Jesus Christ
Se Noel nap fete

Se Noel, nap fete