Pèseverans-Kompasoul

Genre-Konpa
Year-2015
[Intro]
Mizik sa a se yon hymne
Pou tout mizisyen k ap pèsevere nan milieu sa a
Fò n kenbe espwa
Se musique ki chwazi n, an nou fyè pou n reprezante l
A chak exploit, s on paj nan listwa

[Verse 1]
Nan yon ti vil kote fredi dire jusque en Avril
Dis jèn gason kontre, yo g on sèl pasyon
Yo tonbe jwe mizik ant zanmi fanmi pou plezi
San yon pa janmè konnen ki kote sa ka mennen

[Verse 2]
Yon bonjou ti mesye yo deside pwograme
A grande surprise, Lambi Night Club plein à craquer
Tout moun ret bouche bée, menm lòt mizisyen etone
Sa te marquer debut yon grande aventure

[Bridge]
Depi lors, chimen an pa fasil o
Persecutions ak embûches yo te anpil o
Men lè w konnen sa w vle, ou travay avèk anpil tenacité
Se sa k fè nou pare pou n kontre toute evantualité

[Guitar solo]
La patience est amère, mais son fruit est doux

Se yon vertu li ye
No rules yo di w wi, ou pa fanm ou pa ka gen règ
Si w pa ka follow, pa follow

[Verse 3]
Pandan n ap pèfòme, y ap fè konplo sou nou - Nou pa janm lage
Nou vin pratike, yo kraze vit machin nou - Nou toujou kenbe
Se mizik n ap jwe, yo prèske mennen n la cour – Nou pa janm lage
Nou pa menm sou goumen yo gentan ban n randevou - Nou toujou kenbe
Oh Oh, Bon Dieu

[Chorus]
Persévérance indissociable de souffrance
Sakriye w monchè, la pa gen rans
Pinga w tann se moun ki pral ankouraje w
Kle succès a nan men w, ouvri je w
[Verse 4]
Nou pwomennen de studio en studio - Nou pa janm lage
N ap chèche fè kontak, yo ba nou fo numéro - Nou toujou kenbe
Nan figi n se elòj, nan do n se kout kouto - Nou pa janm lage
Chak fwa n afiche, kè yo an mòso - Nou toujou kenbe

[Horns]
[Guitar groove]
Stevie!
Men sa n ap chèche an wi
Woy!
Kompasoul say

[Outro]
O wi lajenès la se hip-hop li tande, se ragga l danse
Lajenès, nou pral rasanble pou nou voye konpa dirèk pi devan
Respè - Respè pou konpa dirèk
Koneksyon – Respè pou konpa dirèk
Lookout - Respè pou konpa dirèk
UNIK - Respè pou konpa dirèk
Bon e djaz peyi a? Respè pou Kompasoul

[Guitar groove]

Jay bon macho, Kompasoul say
Nou kanpe mean wi la a
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016