Lanmou M Mare-Buzz

Genre-Konpa
Year-2019

[Verse 1]
Di m non cheri kòman ou ye
Sa fè kèk jou nou pa kwaze
Lari bloke m pap ka pase
Pa panse santiman m fane
Se vre chak jou n kominike
Men w konn pou mwen sa pa ase
Prezans ou se sa ki prime
Depi m pa wè w mwen deprime

[Kè]
Peyi a lock mwen tankou on loco
Mwen vle al jwenn mennaj mwen
Tanpri mesye ban m chans mwen
(2x)

[Verse 2]
Lanmou pa nou an trafike
Tout moun ap di mwen twò riske
Nan tout lari bal ap tire
Men m vin chache kote ou ye
Se vre chak jou n kominike
Men w konn pou mwen sa pa ase
Prezans ou se sa ki prime
Depi m pa wè w mwen deprime

[Kè]

[Keyboard]
Barikad tout kote
Mwen pa ka pase
Men mennaj mwen manke m

Leta di yon mo – m pa kapab ankò
Opozisyon sispann oh – a peyi lok sa koze lok sa

[Verse]
M pa ka soti ak machin pa gen gaz
M oblije pran moto lari raz
Sou Delmas gen dezòd m pran nan gaz
Si mwen ka rive la se paske m se baz
Avan m rive la pa de brase yo brase m
Si m pa Junior Bonheur yo t ap dezabiye m
Dèyè barikad yo pèsòn pa epanye
Si m ka rive la cheri ann di mèsi Bondye

[Keyboard]

[Kè]