Nèg Bannann Nan-Olivier Martelly

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2015
Lyrics By-Olivier Martelly

[Verse 1]
Si mont ou an pa gen pil, kijan w fè di ke lè a rive?
Pa vin blofe pèp la ak bèl mizik, sou yo l pap rive
Bagay nèf, bagay nèf, rablabla, sa se vi prive w
Pa bezwen bèl pawòl, nou bezwen moun ki ka delivre
Jovenel Moïse, tèt kale, nimewo 5, nèg bannann lan se li m pral vote
Jovenel Moïse, tèt kale, se lè pa l la ki rive pou travay la kontinye

[Hook]
Gade moun nan nò m yo – nèg bannann nan
Moun nan sid yo – nèg bannann nan
Moun a lès, moun a lwès, moun nan sant yo – nèg bannann nan
Moun lari m yo – nèg bannann nan
Peyizan m yo – nèg bannann nan
Komèsan, agrikiltè, nimewo 5 pou nou vote

[Verse 2]
Sispann plenyen pou moun ki pran kanè
Nenpòt moun pa ka nan palè
Jovenel Moïse, pèp la vote prezidan bonè, bonè
Edikasyon nou prime, agrikilti nou prime
Fè wout ak bati bèl lopital, fè touris vizite
De men anlè balanse a dwat a goch, 5 lan pou n vote
De men anlè balanse a dwat a goch, Jovenel n ap vote

[Hook]
Tout geto yo – nèg bannann nan
Atizan yo – nèg bannann nan
Tout diaspora yo – nèg bannann
Etidyan yo – nèg bannann nan
Tout medya yo – nèg bannann nan
Animatè yo – nèg bannann nan
Ayisyen yo, tout sa k kwè nan Bondye yo