Lè A Rive-Wyclef Jean

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2015
Lyrics By-Wyclef Jean
[Verse 1]
Disèt Oktòb mwen te fèt jou yo te tiye lidè m nan, Jean Jacques Dessalines
Se sa k fè mwen mean yeah, mwen mean yea
Laurent Lamothe pran kanè, Ti Tony kanè, Jacky pran kanè
Bagay sa fè m sonje Lè yo te banm kanè
Mwen met granmoun sou mwen
Mwen te sipòte Prezidan Martelly zanmi mwen
Mwen te tounen Ozetazini apre l te genyen
Paske fò m te rebati karyè mizikal mwen
Bagay nèf, nou te wè m an Brezil
Bagay yo pa t fasil, men se mwen menm yo te chwazi
Malgre opozisyon yo vle kraze pitit pèp la
Men Bondye avè mwen tankou li avèk Pap la
Kandida yo y ape tekste telefòn mwen
Kote yo soti? Ki sa yo bezwen?
Piyay la fini, granmoun sou mwen
Lè a rive m ap vote Jude Celestin

[Hook]
Lè a rive (3x)
M ap sipòte Jude Celestin
Kraze koripsyon, sispann deforestasyon
Lè a rive, an nou al vote 31
10 depatman mwen vle nou tande
Lè a rive, nou pral vote 31
Lè a rive (3x)
Li lè pou n bati yon nasyon

Lapeh ooo Lapeh

[Verse 2]
Mwen vle yon moun ki renmen peyi l, ki respekte kiti l
K ap panse pou andeyò ak lavil
Mwen vle yon moun ki konprann soufrans, ke nou nan ijans
Pa gen tan pou politisyen nan rans
Mwen vle yon moun ki panse pou machann yo, elèv lekòl yo, anplwaye leta yo
Nou vle doub nasyonalite pou dyaspora yo ka kontribye
Ka jwenn dwa pou ou vote, vin senatè ak depite
Se pa sèlman lajan pou n voye, se dwa sitwayen nou vle

[Hook]