Byen Domaj-Top Adlerman

Genre-Konpa
Year-2015
Produced By-J Beatz
Lyrics By-Top Adlerman
[Intro]
Huh
Oh nanana
[Verse 1]
Lè m gade kijan nou ye,
jan nou heureux lè nou a de
lè m sonje moman n pase strès ki vole lè nou kontre
sa fè m remèsye Bondye, m santi priyè m ekzose
nan kè m son w rivyè jwa k koule paske m jwenn yon bebe
dat sa cheri kote w te ye son w fanm tankou w mwen tap chache
malgre tout sa m frape danje pa byen domaj baby
[Chorus]
Byen domaj ou marye
pa ka viv menm kote
Byen domaj ou marye
e m pa vle fwaye w kraze
Byen domaj ou marye
pa ka viv nèt ale
Byen domaj ou marye
ou son w paradi k banm yon goute
[Verse 2]
lanmou an mwen, ti kè an mwen
doudou an mwen kòd lonbrit mwen
ou redwi chagren m
montre m renmen ou fè m vin byen
men m wè se pa pou lontan kè mwen ap toujou kontan
Dwèt ou gen on tou won san fon
mwen deja fè bafon
e m pa wè ki fason ke nou ka viv pou lontan
[Chorus]
Byen domaj ou marye
pa ka viv menm kote
Byen domaj ou marye
e m pa vle fwaye w kraze
Byen domaj ou marye
pa ka viv nèt ale
Byen domaj ou marye
ou son w paradi k banm yon goute
Nou renmen
Son w renmen changren
Bodyab nou
Nou damou fou
Oh oh

J Beatz Ou wè vil
oh oh oh - Watchakrazem my darling my heart is crying
oh oh oh - All the good time my darling me reminiscing
Cheri m santi ti kè w frajil ou anvi plere
Tèlman fwaye w ap maltrete w ou oblije komèt yon peche
Sa fè m mal anpil lè m wè se avè m wap pataje l
Tanpri bondye wa padone l men lanmou an pi gran pase l
Lè swa pou m dòmi se anpil trajedi tèlman map reflechi
Pa ka viv oh oh, pa ka viv baby
Menm nan telefòn lè n ape pale tout tan fò w kouri rakroche
Oblije eh eh, oblije doudou

oh oh oh - Watchakrazem my darling my heart is crying
oh oh oh - All the good time my darling me reminiscing

Lè swa pou m dòmi se anpil trajedi tèlman map reflechi
Pa ka viv oh oh, pa ka viv baby
Menm nan telefòn lè n ape pale tout tan fò w kouri rakroche
Oblije eh eh, oblije doudou
Lanmou sa vin pou toumante m – lanmou sa
Lanmou sa vin pou panike m – lanmou sa
Lanmou sa vin pou deranje m – lanmou sa
Lanmou sa vin demantibile m – lanmou sa

[Chorus]
Byen domaj ou marye
pa ka viv menm kote
Byen domaj ou marye
e m pa vle fwaye w kraze
Byen domaj ou marye
pa ka viv nèt ale
Byen domaj ou marye
ou son w paradi k banm yon goute
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016