M Twò Bèl-Kowkow

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2015
Lyrics By-Kowkow
[INTRO]
M twò bèl ( RKM recordz )
m twò bèl ( Nap KOWKOW nan tèt yo )
m twò bèl ( Zoefam Baby )
m twò bèl ( yo, rele m BOTE LAVI )
m twò bèl ( yeah, Trillion Records Baby )
m twò bèl ( yo pral di se pa mwen wiiiii )

[VERSE 1]
Nenpòt jan w ye w bon
Chèch, mens, Ou gra se chanson
Ou dwe Konnen w son bote
Menm nan fenwa Ou briye
Pa bliye w se nanm solèy ou Se rezon Bondye te Kreye l
So fè konfidans tounen vès epi plede mete l

Kwè nan tèt Ou tou lè jou Fè limyè w briye Tou pa tou
Fyète w ti doudou se li ki pral defann Ou
Klète lajwa nan Kè w fè lè m Gade w tout tristès kouri
Kanpe pou m di w jan w bèl lè ou souri

[REFREN]
M Se yon Grenn kolye k
Pandye nan kou Lavi
Depi m pala Lavi ap tou pedi sans
Yon Dènye Grenn zetwal
Ki anbeli lannwit
Depi m parèt Lalin tonbe fè ti dans

M twò bèl
M twò bèl
M twò bèl
M twò bèl (Bis)

[VERSE 2]
Si lezòm pa fè w wè Kijan w bèl
Fè Konnen w Ka fè l
Leve Kanpe Ak tout vwa w E kriye ke ou bèl
Ou fè Kò m danse san m pa deplase
Ou Fonn nan Mwen tankon ti ice cream kap deglase
Ti kè m manke moso lè ou manke
Ou fè Bote lakou lè van ou vante
Vizaj Ou tankou yon etikèt sou rad lanmou
Kap bay payèt pa pakèt devan je gouyad ou

[REFREN]
M Se yon grenn kolye k
Pandye nan kou Lavi
Depi m pala Lavi ap tou pedi sans
Yon Dènye Grenn zetwal
Ki anbeli lannwit
Depi m parèt Lalin tonbe fè ti dans

M twò bèl
M twò bèl
M twò bèl
M twò bèl (Bis)

[VERSE 3]
Yon bèl ti po nwa cheve kout ou son bote inik
ou pot yon batman pou ti kè m zorèy mwen yon mizik
menm lè yo ta rejte w
se chelèn pò w la mab mwen anvi teke
nan tout mayi se pò w la kòk mwen anvi beke
ou si bèl ou se defi m
m se kle ou se seri m
nan pla men w m vle met lavi m
fè peyi w tounen peyi m
an, si w te zwazo m tap kalòj se kè m ki tap kaj ou
menmlè w vyeyi wap toujou bèl paske fanm se kajou

[REFREN]
M Se yon Grenn kolye k
Pandye nan kou Lavi
Depi m pala Lavi ap tou pedi sans
Yon Dènye Grenn zetwal
Ki anbeli lannwit
Depi m parèt Lalin tonbe fè ti dans

M twò bèl
M twò bèl
M twò bèl
M twò bèl (Bis)

[BRIDGE]
M twò bèl
M twò bèl
M twò bèl
M twò bèl

[OUTRO]
yeah, Mizik sa se pou tout moun kap viv
depi wap viv ou bèl
bote a kòmanse nan ou
aprè jodi a, se pou w fyè pou w di w bèl
mizik sa se pou nou tout

Kowkow nan tèt yo
yeah, m twò bèl.