Souvenir-Nu-Look

Genre-Konpa
Year-2004
Lyrics By-Arly Larivière
Souveni w boulvèse tèt mwen lespri mwen
Souveni w fè kè m lou trè lou ak chagren
Se vre jodya ou pa nan vi mwen
sikatris lanmou rete pou demen

Se vre lavi nou toulède pran on lòt direksyon
men n ka toujou pataje menm pasyon
Malgre tout sak ki fin rive mwen toujou renmen w
nou separe men santiman m rete
map kontinye priye
les anges ak tout les saints pou montrem chimen
map kontinye rele - kontinye rele
pour les ange ak les sen montrem chimen.

Se vre lavi nou toulède pran on lòt direksyon
men n ka toujou pataje menm pasyon
Malgre tout sak ki fin rive mwen toujou renmen w
nou separe men santiman m rete
map kontinye kriye
tout tan tout dlo na je m pa fin seche.
map kontinye kriye – kontinye kriye
tout tan tout dlo na je m pa fin seche.

Ou se yon istwa, yon istwa ke gòm lavi a pap janm efase
menm si ou pa bokote mwen
Si ou rankontre li, wap di li santiman m pou li pap janm chanje
menm si lavi separe nou

[Choir]
Aye ya ya aye ya ya ya
mwen sonje mwen sonje
souveni w domine panse mwen tout tan
Aye ya ya aye ya ya ya
mwen sonje mwen sonje
tout san m te kon fè lontan lontan

Touchem dous

Kòman w ta vle pou m bliye yon moun tankou w baby
Gen de mizik chak tan l jwe ki fè dlo koule nan je m
Separasyon n se mizè soufrans sèlman l pote
Pat janm panse renmen te ka fè n fè tenten

Map toujou sonje w – gade mizè
mwen pap janm ka Bliyew ohh ohh
Map toujou sonje w - Menm si m ap viv konnen w’ manke m
Mwen pap janm ka Bliye w ohh ohh