Vwazin-Troubleboy Hitmaker

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2015
Lyrics By-Trouble Boy
[Hook]
M renmen vwa vwazin nan
M renmen wè vwazin nan
Jan m adore vwazin nan
Vwazin nan pa nan laj mwen
Men domaj – domaj
Vwazin nan pa nan laj mwen
Li pa nan laj mwen mwen

[Verse 1]
Se pa kay ki anfas la, se kay akote m nan
Chak lè m dòmi, m toujou reve l
Reve l akote m nan
Pou m ta hmm pou ta han fò l ta kote m nan
Men gwosè devan kay vwazin nan
Yo di l s on comptable
Men lajè dèyè kay vwazin nan
Vwazin nan très coupable
Lè m ap gade l nan fenèt la, m wè deux seins li
M pa twò fò nan desine, gade m m fè desen li
L ap viv nan kay la pou kò l ak sèvant li Victoria
Li pa gen chyen, li g on gwo chat
M konn lè l antre, m konn lè li la
Jan l abiye, jan l makiye, se pa fanm w ap jwenn sou trottoir
E m gen pou m pale avè l, renmen avè l tôt ou tard
Dèfwa m konn pa dòmi pou m ap veye lè l rantre trop tard

[Hook]

[Verse 2]
Jupe kout, vès, valise à la main, li pral djòb
M swiv tout jès, paske m adikte
M konn fanm nan à la lettre
Ou mèt kwè m, mwen di w se pa dikte
M swiv tout jès, pil cute fesses
Si m te Adam, deja l t ap Eve mwen
Pase fò m di nou byen, m fèl avè l nan rèv mwen
M pral reyalize sa, m vle viv sa m ap di a nan reyalite sa a
Imajine sa: mwen men m avè l à deux – Ou adye!
M t ap dolote l, m t ap chouchoute l M t ap karese l
M t ap kiss like that , m t ap this, m t ap that
Kèt! Pase m renmen fanm sa a depi lontan lontan
Se pa premye fwa

[Hook]

[Verse 3]
Imajinasyon m gentan ouvè pòt chanm li
Men m gentan rive sou jan m li
M ap reve je kale, m ap depale, m ap fantasme
Priye mande Bondye pou rèv mwen ka reyalize
Si l ta dakò n soti tèt a tèt, menm si se pou yon nwit
M tap pwofite di l jan l joli nana
Mennen l danse Tropicana
Bèl ti anbyans, fè ti womans
Tankou se (?) k ap chante mizik sa a pou li san m pa chanje ton

[Hook]
;

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016