Sa'w Konn De Rap-Baky

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2015
[Intro]

[Refren]
ou di ke rap pa pou zòrèy
ou di’n sòt ou di’n djòlè
wap di rap pa fèt pou moun, se pou brigan se pou vòle
men di’m sa’w konn de rap?
(sa’w konn de rap?)
di’m sa’w konn de rap?
(sa’w konn de rap?)
w’ frustre paske’w wè’n tatouwe
zòrèy pèse nap woule
ou di son mouvman gangster, se nou ki koz san ap koule
men di’m sa’w konn de rap?
(sa’w konn de rap?)
di’m sa’w konn de rap?
(sa’w konn de rap?)

[Verse-1]
(yow baky, ki vye rap wap defann la?)
yo’w prefere’w ret tande
tan pou’w pale sa’w pa konnen, just eseye demander
tan poum chita pami la haine, m ta prefere ret kanpe
yon vrè rapè pap kache mo’l, l ta prefere etrangle
lè’m diw rap, se pa bijou, se pa klere
se pa beef koulè mouchwa, se pa viv pouw enkasere
r.a.p rim ak pwezi, definisyon’l se sa’l te ye
misyonl pal se te konbat kont yon sistèm kap mal jere
kote’k gen haine te beswen love
chak grenn rich te bzwon pov
lide pa’n se te montre ke chak grenn moun te bezwen lòt
nou pat kreye pou vyolans, se te pito pou’n defann dwa nou
nou pat vle fè silans, pwiske pèp la tap ret tann vwa nou
paske imajine kot yon ti jenès ap betize
nou tap preche unite pwiske se sa ke’n te vize
pou ti pèp saw tap sceller a
yeah! ke’w tap saigner a
fò’w frustre chak konm pale pwiske’m pale sa’w tap sere a

[Refren]
ou di ke rap pa pou zòrèy
ou di’n sòt ou di’n djòlè
wap di rap pa fèt pou moun, se pou brigan se pou vòle
men di’m sa’w konn de rap?
(sa’w konn de rap?)
di’m sa’w konn de rap?
(sa’w konn de rap?)
w’ frustre paske’w wè’n tatouwe
zòrèy pèse nap woule
ou di son mouvman gangster, se nou ki koz san ap koule
men di’m sa’w konn de rap?
(sa’w konn de rap?)
di’m sa’w konn de rap?
(sa’w konn de rap?)

[Verse-2]
rap kreyol pa bezwen l’or, li just bzwon plas poul vanse
chak rapè dwe gen respè’l pwiske se nan plas nou’l panse
barikad mennon mouvman, se pou sa’n kwè nou tap goumen
rockfam aprann nou veye, e tout vye may se pa pou mwen
G Bobby, Kata Dad Deja master izi, n’ te dwe viv
pick up click fe’n pran lari a, magic click aprann nou swiv
masters te mandon chans poun suspann woule nan labou a
mystic 703 montre’n ke’n granmoun nan lakou a
n’ te vle pou rap ranfòse
malgre chay lap adose
tout gangster k’ te gen karyè, Blaze one te lage gran dosye
n’ te vle montre chak grenn nèg anndan mouvman gen plas yo la
Master Brain, 5kob penich, Wendy,Topson nan diaspora
drz fè rap lari
abojah fèl miami
doc fillah, 35, F-ner, Trajik, Pastè, fè rap K-libr
Zatrap fè rap sosyal, sal rap rebel
Bic fè’l an pwezi e Popilè fè rap level
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016