Deception-T-Vice

Genre-Konpa
Year-1998
Produced By-Reynaldo Martino
Intro]
Popedo ou wo oh oh
Se…

[Verse 1]
Cheri lè m’ap panse tout tan sa k’ap pase
Move moman n pase lè moun t’ape pale
Ou te fè mwen konprann ti kè ou te pou mwen
Sa k pase ou?
Chak swa n’dòmi nan telefòn, mwen konprann sa t’ap avanse
Ti pawòl, ti koze, tout sa n te pale a 2
Ti pwojè n te genyen, tout sa pou n fè a 2

[Hook]
Yon ti lanmou, m’te fè w konfyans
Yon ti womans lè n an vakans

[Keyboard]
Mache mache

[Verse 2]
Fò w di mwen sa k pase, ki sa k fè ou chanje?
Gade w vire yon jan, anyen pa di w anyen
Di mwen sa k pase, kisa k fè ou chanje
Ou deraye
Tout bèl pawòl nou te pale, yo pase yo efase
Pou se fanmi, se zanmi , di mwen kisa k fè ou
Desepsyon ou ban mwen, m’te tèlman gen konfyans nan ou

[Hook]

[Horns]
Pedo pede do
Still….

[Guitar solo]
Kite l mache pou yo
An han
Mezanmi koute ‘on groove
Podopodo popo pedo pede do
An han
Se jan m’ap gade w, konsa m’ta manje…tout tan
Wi, se nou
Tout kote, tout kote, tout kote
Rekòmanse l
Ban m bagay mwen an
He he hey

[Keyboard solo]
Un poquito
Wo ou oh (3x)
Wo oh (7x)

M’sipliye w, sipliye w

[Chorus]
M’sipliye w doudou , yon ti karès
M’sipliye w doudou, mwen pap pran rèz

[Verse 3]
Je m nan je w m’ap gade w, ki t’ap kominike
Yon ti karès
Pa gade m pou di mwen ke m pa gendwa manyen w
Mwen pap pran rèz
Pa fè mwen sipliye w pou ban m yon ti karès
Yon ti karès
Jan m’konnen mwen malen, pa di m ke m’ap pran rèz
Mwen pap pran rèz

[Chorus]

[Verse 3]

[Horns]
Oh oh
Zepedopedo (2x)

[Hook]

[Outro]
Pou jan m’te kwè nan ou
Pou sa m’te fè pou ou
Se desepsyon w ban mwen…no
Yon ti lanmou, jan ou fè m deçu