Leve Pye W-Kaï

Genre-Konpa
Year-2017
Featuring-Mikaben
Lyrics By-Mikaben
[Intro]
Leve pye w
ti papa leve pye w

[Verse 1]
Nou chita n ap plenyen plyenyen
Se nou k pi fò nan bay nouvèl ki pap sèvi anyen
N ap kritike tike tike
Men nou pa janm leve on dwèt pou n wè sa n ka pote

[Pre-Chorus]
Genyen k fè ti peyi m nan mal – oh oh oh
Fò mizè sa pa nòmal – oh oh oh
Wap plenyen pa gen lidè
E ou menm di m sa w pral fè
Anyen w pap fè(3x)

[Keyboard solo]
Se pa chita kritike non, fò w ka pwopoze tou wi tonton

[Chorus]
Leve pye w
Ti papa leve pye w
Leve pye w

Sa k ap pwofite fite fite
Se plis ti pèp la nan mizè se plis y ape fete
Yo men ap chache likes sou Instagram
Poste foto peyi kraze vin tounen yon pwogram
Ala w on pwoblèm

[Pre-Chorus]

[Chorus]

Tout sa k vle chanjman yo ann ale

[Chorus 2]
Vle pa vle, fò m rete pran plezi m
Nan peyi mwen Ayiti,
nan peyi mwen vle pa vle

nou gen fèt chanpèt , nou gen festival, nou gen kanaval
oh yeah
ann travay ansanm pou n met mizik nou entènasyonal
oh yeah
djaspora antre ann al visite fè touris local
oh yeah
kore peyizan an nou sipòte pwodwi nasyonal
chante

[Chorus 2]

Ban m on ti lanbi, ban m on ti kleren, ban m on ti fritay
Oh yeah
On bèl fanm kreyòl, banm yon ti souri, yon blòdè pa mind
Oh yeah
Yon blòdè pa mind – jamè (3x)

[Guitar solo]

hey sa w di m la Mikaben Kai
N ap byen pase wi la

Bon bon bon bon
G on pakèt moun nan sosyete a la nou pral bije mete yo sou men yo wi
Tande

Ou chita la w ap kritike
Wap pale franse – la pa la w
Ou pa janm pote kole
kou on bagay tonbe ou toujou an premye – la pa la w
Si se lajan wap gaspiye – la pa la w
E se pòch ou ap grese – la pa la w
E si w pa vle nou avanse – la pa la w
Ti papa la pa la w

[Guitar solo]
Sèlman w tande wi
Se toujou menm ti bout konpa
Si les soldats de Kai ne se revoltent pas après cette chanson c’est qu’ils ne sont pas des hommes

[Chorus]
Leve pye w
Ti papa leve pye w

Mikaben Kai
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016