Youn-Zèklè

Genre-Konpa
Year-1983
Featuring-Jimmy Mourra
Produced By-Claude Marcelin | Mushi Widmaër | Joel Widmaër
Lyrics By-Ralph Boncy
Youn:
Se travay m’ap chache
Mwen pa vin pou m ranse
M’pap achte figi moun

De:
Malgre tout pale ou pale
Mwen kon kote m m’prale
E m’pa bezwen lajan w

Sa fè twa:
Fè respè w, m’a fè pa m
Ke ou chef, ou ke w granmoun
Ou se yon moun tankou tout moun

Si nou te ka chanje plas
M’ta defwe w gen lodas
Pou redi m sa m sot di w

[Bridge]
Fò n aprann tout bagay ki briye se pa lò
Gwo dèyè pa vle di lasante
Akolad pa vle di lamitye
Konsa tou lamitye, n’a sonje toulejou pa dimanch
Petèt nou pa anyen san lachans
Men fò n ede l, men fò n ede l

Ou, se ou mwen t’ap chache
Nou pa gen pou n kache
Nou pa renmen pou mou n

“Nou” se yon dal bèl pawòl
Men ou konnen lavi dwòl
Fòk un et un fè youn

E jou sa a, se pa tankou lontan
Lè ‘on nèg te gen 20 an
Nou pa ka pèdu tan

Si zòt viv tankou rapas
Nou konnen gen yon plas pou nou
Fò n pwoteje l

[Bridge]

[Guitar solo – Claude Marcelin]

[Horns]

[Hook]
Pa vin karese tèt mwen
Pran san w tande monchè
Pa vin fè m vire tounen
Relax tande monchè

[Horns]

[Guitar solo]

[Synth solo – Raoul Denis Jr.]

[Hook]

[Guitar solo]

[Bridge]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016