Symphonie Des Mouches-Ibo Combo

Genre-Bolero
Year-1972
[Verse 1]
Mwen prale di w yon ti mo
Yon ti mo ki lan kè m lontan
Ou te toujou kwè ke m te yon bon zanmi pou ou
Men mwen renmen w
Mwen renmen w
Mwen renmenw anpil

[Verse 2]
Sonje lòt jou swa, ou vin jwenn mwen ap kriye
Ou pase men sou mwen, ou mande m: “Sa w genyen?”
Mwen pat ka reponn ou cheri
Se renmen ke m'te twò renmen w

[Verse 3]
Si ou renmen avè m, lapli pape janm tonbe
Loraj pape janm gwonde
Menm syèl la va rete toujou bèl pou nou
Ti zwazo va chante pou yo rann kè nou heureux
Amou nou pape janm chanje