Chimen Paradi-Master DJI

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-1988
[Prelude]
Ils reviendront de loin
Rentrant des quatre coins
D'une terre étrangère
Pour replanter l'espoir sur le sol de leurs pères
Rebatir dans la boue
La nation des hommes debouts
Retracer le chemin du paradis


[Verse 1]
Nouyok, Mayami,
Nan fredi Monreyal jouk a pari
Yo dè milye k' ape redi
K' ap debat pou lavi
San kont san bri

Sa fè tèlman lontan
Yo dyaspora yo rezidan poutan
Pa kwè yo bliye kote yo soti
Ni poukisa y' ap travay di

Kòm tan an vin pi bèl
Yo deside pran zèl pou janbe dlo
Pou vin wè nèg pòtoprens
Sak te genyen nan pwovens fanmi yo
Men nan men, nan tout rakwen
Pou yal plante la konesans


[Hook]
SI GEN AYITI LIBERE ANN FÈ AYITI DELIVRE


[Verse 2]
Ann wouze libète
Fèl donnen nan tè la fratènite
Kèlkeswa kote ou ye
Vin ede-l pouse

Lagomyen di konsa "lè sa vre bonè va egziste"

Nou tap dechouke la haine
Nan tout anndan fon kè-n
Pou l' pa janm pouse
Tout lawouze lè maten ta tounen
Sou tout flè nan tout jaden
Menm lanati ta di-n mèsi
Paske n' ta ini pou n' rekonstwi
Chimen paradi


[Refrain]
Tounen bati, plante lavi
Tounen rekonstwi chimen paradi
Chimen, chimen paradi