Tonton Nwèl-Dutty Yep Nishishi

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2014
Lyrics By-Dutty Yep Nishishi
[Hook]
Tonton Nwèl di tout moun men Tonton Nwèl
Se noel banm yon ti kado Ton Nwèl
Tonton Nwèl di tout moun men Tonton Nwèl
Map swete’n yon jwaye Nwèl

[Verse 1]
Depi w wè se nwèl ki rive timoun granmoun kè yo an gete
Nan tout katye rich ou pòv nan tout katye yo pa ka pa fete
Lemond antye se pidetwèl, lakay an mwen se yon chandèl
Lanmou k soti depi nan syèl, beni tout moun tap yon mèvèy
Sak lopital yo, sak nan prizon yo
Timoun lari yo, granmoun ki san zabri yo
Sak nan geto yo, kou sa ki anwo yo
Chanje lespri yo fè yo wè nou sou menm nivo
Nap tann Ton Nwèl pou’l pote yon zetrèn
Pou sa ki pa janm wèl
Lèw desann sot nan syèl, vinn fè nwèl la bèl

[Hook]

[Verse 2]
Tanpri pa bliyen ton nwèl, chagrin anvayi ti kèm
Manmanm se pie abdenwèl, papa’m limyè k pou fèl bèl
Nan tout lari, sak pral pran mès minwi
Nan sa ki beni, pou Ayiti souri, fè n viv nan linyon
Lespri’n remakònen, menm lè nan menn nou pa gen anyen
Minwi fè beng, ding deng dong klòch la sonnen

[Hook]

[Verse 3]
Nan djakout jwèt ak swè mwen pote
Pou lapè etabli tout kote
Edikasyon se sak dwe prime
M pa vin rete m swete’n meyè ve

[Hook]