Mizè Malere-Orchestre Tropicana D'Haiti

Genre-Konpa
Year-1978
[Chorus]
Lè moun malheureux ou pa gen respè
Tout sa k pa bon se ou yo sanble
Menm si w fè efò, yo pap apresye w
Se pou pa janm evoluer

[Verse 1]
Lè w wè pitit zotobre nan lari a ap fè vagabondaj
Tout moun di “li jeune, li pa konn sa l’ap fè”
Lè se pitit malheureux ki nan lari a ap déennuyer l
Ou tande se “déliquant,” se “danger pour l’avenir”

[Chorus]

[Verse 2]
W’ap travay yon kote, gen yon vòl ki fèt
Paske w se malheureux depi se moun se ou yo suspèk
Lè sa yo akuze w, nanpwen dlo ki ka lave w
Rat manje kann, zandolit mouri inosan