NSA (No Strings Attached)-T-Vice

Genre-Konpa
Year-2014
Produced By-Marvens Bastien
Lyrics By-Reginald Toussaint
[Intro]
Regimuzik
Vice2K
Marv B

[Verse 1]
Si aswè a ou pa sou sa believe mwen m’ap move on
M’pa gen tan pou m pèdi, m’pa kwè w gen tou
Yèswa nou te pou kò n, ou te di m ou feel mwen
Ou renmen lè m te mòde ti bouch ou
Sou bò pa m, m’ka di w jan w dous ou bon
Jan w eksite m lè w whine, fè bèl ti son
Sa k’ap fèt aswè a, baby m’gentan sou sa
Men f’on ti ret avè mwen

[Pre-chorus]
Ou fè mwen fou
Tèlman l gou
M’anvi ou ou ou

[Chorus]
So baby si ou vle, nou ka f’on ti love
An tout entimite e e san pale

[Verse 2]
Yon ti sex text mwen resevwa pandan m’anba dra
“Est-ce que tu dors?”
“Non, non du tout pourquoi?”
Nan machin mwen m’ap kondwi
M’envante yon manti pou m wè kote l kanpe
Li di m: “Do you mind?”
Pou m jwe jwèt li a, m’pa reponn m’kite l pale: “Drop by.”
Hmm hmm, se sa m vle cheri

[Pre-chorus + Chorus]

[Bridge]
Oh...
Je veux te toucher, babe vini pi pre
Oh oh
Je veux te faire l’amour jusqu’à demain
Oh..menm si nou konnen n’pap janm renmen
Oh oh
S’on relasyon sans attache n’ap chèche

[Keyboard solo]
Le peup...siwouzly

[Hook]
Lè w tande NSA (NSA)
Se entre nous cheri, moun pa bezwen konnen
NSA (NSA)
Tande sa s’on relasyon no strings attached

[Verse 3]
Bèl ti plezi, bèl ti foli ki pap dire
Detanzantan nou ka kontre pou n f’on ti jwe
Si gen sekrè pap gen regrè,
Pa enkyete w baby lè ou tande

[Hook]
Lè w tande NSA (NSA)
Pi bon pou ou, pi bon pou mwen (NSA)
NSA, sa s’on relasyon no strings attached

[Keyboard solo]

[Verse 3]

[Guitar groove]
Bèto, jan w’ap jwe la a, yo k pou pè
Ein hein...