Yon Rèv Pou Ayiti-Jean R Voltaire

Genre-Other
Year-2014
Produced By-Jean R Voltaire
Lyrics By-Jean R Voltaire
Verse 1
Mwen fè yon rèv pou Ayiti
Men fò'w ta di m'pat nan dòmi
M'wè tout Ayisyen men nan men
Lanmou blayi nan tout rakwen
Timoun kou granmoun prale lekòl
Nan tout bouch se yon sèl pawòl

Chorus
Pou Ayiti vanse
Nou dwe fè tèt kole
Se nou tou ki pou ba'l
yon chans pou'l repire
Yon bon jan van libète

Verse2
Bondye souple m'ape mande'w
Fè r`ev sa vin'n reyalite
Fè tout ayisyen pran konsians
Pou yo kase tout chen'n vyolans
Fè tout ayisyen rasanble
Ansan'm pou yo tout pran chante

Bridge
Oh Bondye se wou sèl
ki ka chanje peyi nou
Se pa moun lòt kote
Ki ka fè'n avanse
Men peyi nou malad
Fè nou fè tèt kole
Men nan men tèt absan'm
Pou'n avanse