Ayiti Konsole'w-Jean R Voltaire

Genre-Konpa
Year-2011
Produced By-Jean R Voltaire
Lyrics By-Jean R Voltaire
Ayiti sanble'w pa gen chans
Depi 1804 y'ape pase'w nan rans
Politisyen lakay mele ak letranje
Pa suspan'n eksplwate'w
M'santi zantray mwen ap rache
L`'m wè malgre lute w'lute pou libète
Pifò pitit ou paka men'm manje
Oh oh oh mizè wou fè'm mal

Mizè lakay si tèlman nwè
Gen s'ak oblije pran chimen lanmè
Fè lòt nasyon trete yo tankou chen
O wi sa fè la pen'n
Men Ayiti suspan'n kriye
m'santi jou delivrans la pre rive
Abraham gen pou li di sè ase
Peyi mwen suye dlo nan je'w

Ayiti, fò'w suye dlo nan je'w
Konsole'w, mizè'w gen pou'l fini
Peyi mwen cheru, Ayiti cheri

M'wè timoun k'ap kriye
Granmoun k'ape plenyen
Pa kon ki bò pou'e fè
Mizè ya tèlman nwè
Men w'mèt kwè'm Ayiti
Ou gen pou'w suspan'n soufri
Gen pitit ki renmen'w
Yo va ransanble pou lonje'w lanmen

Granmoun toujou ap di
Ke lè li fè pi nwa
w'pa bezwen fatigue'w
Jounen yan pral leve
Se men'm jan Ayiti
Men'm lè tout bagay nwa
Ouvè zòrèy ou gran
Tande klòch delivrans lan k'ap sonen
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016