Refugié-Jean R Voltaire

Genre-Reggae
Year-2014
Produced By-Jean R Voltaire
Lyrics By-Jean R Voltaire
Yon bon jou m'leve m'kite Ayiti
Pou'm al chèche lavi
Ak chagrin nan kè'm e ak dlo nan je'm
Mwen te' oblije pati
Kite fanmi'm ak zanmi'm
m'echwe ozetazuni
panse lavi pral souri'm
Men le'm vin'n reyalite
m'te byen konte mal kalkile
Mezanmi gad jan'm mele, woy!
Yo te fè'm panse sete peyi Bondye
kot lèt ak myèl ap koule
Poutan nan peyi blan gason pa kanpe
Sutou lè'w san papye
Se leve al van kouray
Pou voye'on de goud lakay
Mezanmi ala de tray
Moun lakay ki pa konen
Panse ke m'ap byen menen
Poutan m'ap viv nan chagrin

Paske m'se
Refugie nan peyi etranje
Refugie se yon kwa m'ap pote

Move van lavi ak la nostalji
Fè tèt mwen vle pati
M'patap janm panse mizè ekziste
Nan peyi etranje
Men pwoblè, diskriminasyon
Melanje'ak ekplwatasyon
Retire'm nan iluzyon
Se kounia m'reyalize
Ke nan peyi civilize
Se esklavaj modènize
Je'm wè gwo progrè poutan nan fon kè'm
M'ap viv nan gwo doulè
Pou'm ta santi'm byen, m'ta fè pakèt mwen
Tounen nan peyi mwen
Men si'm tounen de bwa pandye
Zòt pral pale nan koze'm
Nan betiz yo pral pase'm
M'tankou'on zwazo yo pyeje
2 pye'm pran nan'on sèl soulyè
Mezanmi mwen antranve

Paske'm se

Moun lakay rele'm dispora
San yo pa konen m'pran na 3 wa
Gen sak trete'm kòm si'm se wa
Panse m'ap fè dola
Poutan pwoblèm mwen
Yo pil sou pil
M'preske pèdu tèt mwen
Nan peye bil
Men so konen yo pa konen
Kijan kè mwen ape senyen
M'ta bay tiut sa mwen genyen
Pou'm retounen viv lakay mwen