Ekoloji-BelO

Genre-Reggae
Year-2014
Featuring-Fabrice Rouzier
Produced By-BelO
Lyrics By-Jean Winer PASCAL/Jean Belony MURAT (BelO)

Ékoloji


Tèt mònn lakay yo chagren
sézon la pli ap danmen
Dan wòch ak sab dégrennen
nan fon lanmè y-al fè youn kwen.
Do plenn kòché, gòj yo tòdé
sézon sèk savann dézolé
La tè déklaré trip kòdé
gout lawouzé yo ékzilé.

Bagay yo maré, yo antòdyé
la vi, lanmò, mizèréré
Nou ékspozé, nou an danjé
malè pandyé, mobilizé.

Fò-n pran fòm kò-n
pou-n pa pou kò-n
Nan foul la
nan foul la.

Fò-n véyé zo-n
n-ap pèdi po-n
Nan foul la
nan foul la.

An-n pran fòm kò-n
pou-n pa pou kò-n
Nan foul la
nan foul la.

An-n véyé zo-n
n-ap pèdi po-n
nan foul la.

Tout mònn lakay déplimen
pa rét youn ti zèb ginen
Ékosistèm nan anvlimen
anpil sous, bon ti sous anpwazonnen.
Zannimo yo jennen, yo détounen
mikwòb, maladi déchennen
Visaj Péyi-m grizonnen
si-n pa pran byen, pap rét anyen.

Bagay yo maré, yo antòdyé
la vi, lanmò, mizèréré
Nou ékspozé, nou an danjé
malè pandyé, mobilizé.

Fò-n pran fòm kò-n
pou-n pa pou kò-n
Nan foul la
nan foul la.

Fò-n véyé zo-n
n-ap pèdi po-n
Nan foul la
nan foul la.

An-n pran fòm kò-n
pou-n pa pou kò-n
Nan foul la
nan foul la.

An-n véyé zo-n
n-ap pèdi po-n
nan foul la.
Papiyon ak myèl yo kraponnen
bèt nan dlo yo vansé bay légen
Ti zwazo pa santi y-ap viv byen
yo pran réfij, yo kay vwazen
si-n pa pran byen, yo pap tounen.
Prékosyon
pa kapon.

(Chorus)
Lyrics: Jean Winer PASCAL and Jean Bélony MURAT (BélO)
Music: Jean Bélony MURAT (BélO)
Album: Natif Natal, April 2014
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016