Bat Pouw Yon Modèl-Berlyyyy

Genre-Reggae
Year-2016
Produced By-James-Kenley J.B. & Melody Studio
Lyrics By-Berlyyyy
*BAT POU W YON MODÈL*

Musique de : *Berlyyyy Jean-Baptiste*, Atis Nòdwès

***
Nan lavi, genyen rich, genyen pòv.
Gen tèt grenn, gen tèt swa, gen tèt chòv.

Gen sa ki nan palè.
Gen sa ki san salè.
Men chak moun gen yon valè.
Depi w fèt, pou tèt paw ou son jij.
Où dwe gen moral, ou dwe gen prestij.
Menm siw ta kilbite,
Bat pouw gen diyite,
Wap gen Respè tout kote.

Se sak fèm pete yon rèl
Pou w ka yon vrè modèl.
Vrèman mwen kwè wap fèl!

***
*BAT POUW YON MODÈL*
FRÈ MWEN
*BAT POUW YON MODÈL*
SÈ MWEN
*BAT POUW YON MODÈL* *BAT POU W YON BON MODÈL*


***
Depiw fèt ou dwe briye kou zetwal.
Pa janm pote pantalon pou bel twal.
Pa pran pleziw fe mal,
Ni nan bagay ki sal.
Devan moun ni anba chal.
Renmen lekòl ,nan lavi wap fe gòl.
Nan je tout moun, bat pouw jwe yon gwo wòl.
Pa janm fè vyòl ni vòl,
Menm lèw pa gen nan bòl.
Evite tout sa ki dwòl.

Mwen menm mwen sèmante,
Poum di laverite.
Yon modèl map rete.


Texte de :
James-Kenley JEAN-BAPTISTE HAÏTI (FACEBOOK)
TEL: +50932987272