L'Esprit De Noël-Arly Larivière

Genre-Other
Year-2009
Produced By-Arly Lariviere
Lyrics By-Arly Lariviere
[Intro]
Papi, what am I gonna get for Christmas?

[Verse]
Timoun kounya pa konnen Tonton Nwèl
Pou yo fèt la purement materyèl
Strès kotidyen afekte tout paran
Ki sans le vouloir vini neglijan
Tradisyon disparèt, menm fanal pa limen
E twòp kay san sapen, lontan sa pat konn fèt

[Chorus]
M’anvi reviv yon fèt Nwèl kote moun ap kenbe men
M’anvi “l’esprit de Noël” touche kè chak grenn Kretyen

[Verse]
Nan tan lontan lè se epòk Noël
A coutume yo, tout moun te fidèl
Espri Nwèl la anvayi tout fanmi
Mizik Nwèl ap jwe nan tout lari
Magazen dekore, tout vil la anime
Menm si mwen pat konnen w, m t’anvi di w Joyeux Noël

[Chorus]
M’anvi reviv yon fèt Nwèl kote moun ap kenbe men
M’anvi “l’esprit de Noël” touche kè chak grenn Kretyen

[Bridge]
La la la la la la…

[Chorus]
Kèlke swa fanmi oubyen zanmi
Li mèt s’on enmi ni on inconnu
Louvri kè w swete l Joyeux Noël

[Verse]
Lanmou nou manke – se sa nou manke
L’union nou bezwen - se sa nou bezwen
Si n ta vle fèt la pi bèl fòk ou louvri kè w bay lanmen
Un peu de partage – se sa n pa genyen
Dans nos voisinages – se sa nou bezwen
Pour nos enfants d’aujourd’hui qu’ils aient la chance d’un vrai Noël

[Chorus]
Kèlke swa fanmi oubyen zanmi
Li mèt s’on enmi ni on inconnu
Louvri kè w swete l Joyeux Noël