Pa Gen Pou Mwen-Balalatèt

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2014
Produced By-Rey Lex
Lyrics By-Daniel
[Intro]
Heavy Headz Music
Rey Lex ki sou beat la

[Verse 1]
Yeah..ahn
Kè nèg yo sou biskèt lè yo wè se mwen k sou kònè a
Anmède m pou wè, m'gen nèg k'ap tann ou nan kònè a
Gentan wè w s'on ti bitch pou jan w'ap fè kòlè a
Avanyè m'ap pase PV, m'wè se ou k nan kònè a
Tout sa k'ap pale mwen mal, m’pral fè nou tout peye sa
Nèg yo panse m'pat gen hit ankò, men m’te sere sa a
Nèg rabòday ban m respè m menm jan ak nèg ki nan konpa
E lè fanatik mwen wè m, yo di m sa k fè m dezòd konsa a
Bob Cailloux, m'pral avili w andan pwòp kay ou
Al site non lòt nèg ki nan ki nan pwòp size ou
Montre sa m vo deja ki vle di m'twa fwa ou
Ce mec il est talentueux, alors mon cher avoue
M’kale kò m jan m vle, baz mwen di fè sa m vle
Genyen kat frè m ki bandi so se nan san m li ye
Menm si n'ta nan kous m'ap kite w pran devan
Rapè kanibal manje rapè sou dan devan

[Hook]
Depi sou jan mwen lage a - w'ap wè pa gen pou mwen
Gade swag mwen - w'ap wè pa gen pou mwen
Anpil liriks ak flo - w'ap wè pa gen pou mwen
Gade m byen non - w'ap wè pa gen pou mwen
Pa gen pou mwen (Balalatet)
W'ap wè pa gen pou mwen (Di yo sa)
Jan m lage sou beat sa a - w'ap wè pa gen pou mwen

[Verse 2]
M’pa fè mizik pou nèg anlè, m’pa fè mizik pou nèg anba
Men nèg anlè banm respè a menm jan avèk nèg anba
Nan rap la m'son teroris e mizik sa a s'on atenta
Tiye chak grenn beat, ou ka pran m pou Ebola (langyèt)
Plis m'ap fè hit, plis nèg ap rayi m
Menm sa k te pi gwo fan mwen yo anvi trayi m
M'son gwo jwè 5 etwal, m'pa jwe nan ti ekip
Ou pap ka mezire m, eske w ka kontwole grenn mayi (non)
M'pat parèt an premye, men kounya m'ap depase nou
Tankou lakrè sou tablo, chak grenn rapè m'pral efase nou
Liriks nèg yo chifonnen, pase kote m banm repase nou
M'twouve memwa nou kout, sa k'ap pase nou
M’pot plis chalè ke ete, e m”file pase epe
Nenpòt pwogram m'ale kounya, yo pa mande m peye
Zonbi anik goute sèl li pa mande rete
Chak grenn fanm ki kouche avè m, yo pa mande leve

[Hook]

[Outro]
Try me try me
Imma get his whole motherfucking family
And I ain't playing with nobody
Fuck around and I'm gonna catch a body