Pa Bezwen Pale-J-Ron

Genre-Konpa
Year-2014
Produced By-Max Sline
Lyrics By-Ronald Jean
[Verse 1]
Baby fason m’kanpe devan w, ou wè mwen fatige
Ou konnen m sot travay tout jounen, gad kijan m’bouke
M’pa bezwen pale, pou santi kijan m ye
Ou gentan konnen se pou ou m’ap fè l
Menm si m’ap ranje kò m pou m kache l, ou wè nan zye m laverite

[Hook]
Nou pa bezwen pale, pa pale pale
Ou konnen tout sa mwen bezwen
Nou pa bezwen pale, pa pale pale
Ou konnen tout lavi m nan men w
Nou pa bezwen pale, pa pale pale
Ou toujou fè m santi m byen
Nou pa bezwen pale

[Verse 2]
Pou jan m tande w rantre, m’konnen g’on bagay rive
Konn tout sa ou bezwen, m’ap la pou m ka sipòte w
Ak tout pwoblèm ou babe, m’ap montre w lanmou yeah
Cheri m’ap toujou la pou ou

[Hook]

Ooh yeah...konpa

[Keyboard solo]

[Bridge]
Pou jan w’ap di m ti pawòl mwen renmem
Te quiero, mi amor, je t’aime, mwen renmen w baby
Tande sa...
Mwen renmen w (3x)

[Keyboard solo]

[Hook]

[Keyboard solo]

[Hook]