Fòk Ou La-Alan Cavé

Genre-Konpa
Year-2020
Featuring-L4L
[Verse 1]
Ki moun sa k ap fè tèt mwen vire
Ak kiyès m ap panse lè lapli ap tonbe
Pouki m sispann dòmi deyò
Sa k fè kò m ap bondi pi fò oh, pi fò oh
Lè w tande m ap antre wout la pa sispann bèl
Lè m ap tounen lakay sa k ap tann mwen se rèl
Gwo rèl gwo rèl oh oh
Se s ak fè cheri m oblije di w

[Hook]
Fòk
Fòk (6x)
Fòk ou la
[Verse 2]
Si pou m ta pran pou m di
Jan renemen w fè m sezi
Li fè m pran wout kochi
Fou nan fò vòt lan nuit
Gad jan de pye mwen pèdi tè
Tou de je mwen vire nanvè
Sa pa deranje se sa k fè cheri m oblije di w

[Hook]

[Bridge]
Fòk ou la cheri
I need you close to me
Rale lalin pre n, pou n sote kòd ak zetwal
Fòk ou la cheri
I need you close to me
Fòk ou la

Fòk oh
Fòk ou la

[Keyboard Solo]
Fòk ou la baby - oh oh

M vle pwofi tout kò a ou
Apante bitasyon ou
Met dife nan chan kann ou
Toulèjou toulèjou
Lavi mwen nan men w ti chou
Trennen mwen nan tout kafou
M ap toujou la pou ou juskobou juskobou

[Guitar Solo]
Fòk ou la baby
Fòk ou
Cheri fòk ou la
Fòk ou
Mwen pap lage w yon may
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016