Doulè-Maestro

Genre-Konpa
Year-2020
[Verse 1]
Ou se yon dwòg mwen goute ke mwen pa ka kanpe
Ou se yon melodi nan tèt mwen k ap jwe san rete
Chak fwa nou fin fè lanmou mwen vle rekòmanse
Men fòk mwen gade w ki prale paske fòk ou rantre
Pa ka dòmi m ap reflechi kisa w ap regle si w pa avèk li
Tèt mwen pati m ap fè foli
Fè jalouzi pou moun ki pa pou mwen

[Chorus]
Woy gadon doulè
Lè moun renmen ak mennaj moun
Oh gad on lanfè
W ap karese mwen m ap kriye

[Verse 2]
Si m te mechan m te ka pete koken
Fè mennaj ou konnen depi kilè n renmen
Nan lespwa la kite w pou w rete avèk mwen
Men m pa vle sa tounen kont mwen demen
Dèfwa m anvi rele w a dezè du matin
Pou m eksplike w ki efè sa fè
Bagay sa domine m oh no no
Fè jalouzi pou moun ki pa pou mwen

[Chorus]

[Keyboard Solo]
Woy
Maestro Maestro, men djaz

[Verse 3]
Fache konbyen fwa nou fache
Ou toujou ap gate tout plan di m gen enkonvenyan
Kite konbyen fwa nou kite
Men depi mwen kwaze avè w kè m pran sote mwen renmen w vre

[Choir]
Kè m pran sote
Chak fwa n kite depi n kwaze
Kè m pran sote

[Verse 3]

[Keyboard Solo]