Septième Ciel -Djakout Mizik

Genre-Konpa
Year-2001
[I]
M te konn renmen avan m te rankontre w’
M tonbe damou plizyè lòt bèl bebe
Epoutan se avè w’ mwen rete
M pat janm vle pou nou separe
Pa bliye jan n’ te konn viv à deux
Jan lanmou nou te byen kòmanse
Yo te pran n’ pou 2 moun k’ap reve
Mwen te kwè nou pa t’ap janm kite

[II]
Lè m’ pale ou fè kòmsi ou pa tande
Ou fè kòmsi mwen pat janm egziste
Ou pran pòz ou toujou okipe
Yon fason pou n’ pa fon ti koze
Poutan m sonje se pat sa nou te vle
Se pa konsa n’ te vle lavi nou ye
Main dans la main nou te di n’ap mache
Nou te jire pou n’ pat janm kite

[Refrain (x2)]
Sonje, jan ti lanmou nou te bèl
Sonje, ou te konn fè m wè lakansyèl
Sonje, ti bouch ou te gen gou myèl
Sonje, ou te voye m’ nan septième ciel
Sonje, tout ti koze nou te konn pale
Sonje, tout ti sekrè nou te pataje
Sonje, m pat janm vle nou separe

M te toujou jire pou n’ pa janm kite
Fò w pa janm bliye, se ou mwen vle, se ou mwen vle
M te toujou jire pou n’ pa janm kite
Fò w pa janm bliye, se ou mwen vle, se ou mwen vle

Se ou mwen vle
Se ou mwen vle
Banm ti fanm an mwen
Banm ti fanm an mwen

M te toujou jire pou n’ pa janm kite
Fò w pa janm bliye se ou mwen vle, se ou mwen vle
M te toujou jire pou n’ pa janm kite
Fò w pa janm bliye se ou mwen vle, se ou mwen vle

Sonje