Elouwe-Manno Charlemagne

Genre-Other
Vle pa vle la wouze mouye
Kou l jou solèy leve l seche l
Gad jan sa klè kou dlo kokoye
Men marasa grandi pou mache
Pa jodi nou la
Anwo pa desann
Anba pa moute ti gason
Pa jodi nou la
Anwo pa desann
Anba pa moute ti gason
Pwen granmoun sa ou pran
Zafè zenga si l pent
Bèt sele ka foule
An nou la
Lame wi si w la
Fòk ou konprann ou pa la pou granmesi
Sonje se ou k ap chwazi
Si w jwenn ak traka
Kanpe devann pou fè’l kouri
Fòk ou me lespri w tou pare
Oun jan pou mache kontre
Ak moun tankou w ki konsène
Fòk ou met lespri w tou pare
Oun jan pou ka mache kontre
Ak moun tankou w ki konsène
Gen anpil jwè pou siveye
Ki pa gen la wont fè visye
Menm si w gen de je w byen kale..tou pare
Oun jan pou ka mache kontre
Ak moun tankou w ki konsène
Fòk ou met lespri w tou pare
Oun jan pou mache kontre
Ak moun tankou w ki konsène
Lwa marasa
An nou sispann betize
Fòk ou met lespri w tou pare
Oun jan pou mache kontre
Ak moun tankou w ki elouwe
Lwa marasa
Leve kanpe pou n mache kontre
Fòk ou met lespri w tou pare
Oun jan pou mache kontre
Ak moun tankou w ki konsène
Lwa marasa
Chèche verite lan tout rakwen
Fòk ou met lespri w elouwe
Lwa marasa
Leve kanpe pou n gen libete
Elouwe