Move Mak-BélO

Genre-Other
Year-2021
Produced By-Jean Gardy Pierre, Nicky Christ, Browns Louis Charles
Lyrics By-Jean Winer PASCAL And BélO; Music: Nicky Christ
Move mak

Yo pran yon koub ki danjere
dezagreman y’ap machande
Kwomozom moun y’ap falsifye
kòd jenetik y’ap boukante.
Bagay yo evolye, se vre
Fò’n pwogrese, fò’n avanse
Men’m kwè n’ekzajere
ADN moun ak bèt pat gen dwa mele.

Mezanmi, kot sa prale?

Rèy vejetal
rèy animal
se konsa
BonDye te vle sa.

Di’m non kot limit la ye?

Moun yo pa bèt
bèt yo pa moun
ti moun, Gran moun
pran mak de la bèt.

Jis ki bò sa pral rive?

Pa gen limit ankò
lèzòm ale twò fò, m’di m’pa dakò
N’jwe ak la vi, s’on’w bagay sakre li ye
fò’n respekte’l, pa blasfème, sispann vandalize.

Y’ap modifye, modènize
laboratwa finn anraje
Robotize, y’ap klone
transfòme, metamòfoze.
Nou pa wè’n antrave, Mesye
limanite resi kwense
Nan’w labirent nou ye
nan labim nou prèske tonbe.

Mezanmi, kot sa prale?

Rèy vejetal
rèy animal
se konsa
BonDye te vle sa.

Di’m non kot limit la ye?

Moun yo pa bèt
bèt yo pa moun, pouki nou vle pran mak de la bèt?

Jis ki bò sa pral rive?

Pa gen limit ankò
lèzòm ale twò fò, m’di m’pa dakò
N’jwe ak la vi, s’on’w bagay sakre li ye
fò’n respekte’l, pa blasfème, sispann vandalize.

Pigan’n jw’ak la vi, s’on’w bagay sakre li ye
Fò’n respekte’l, pa blasfème, sispann vandalize.

Pawòl: Jean Winer PASCAL
Pawòl: Jean Bélony MURAT/BélO
11 Juin 2014
Mizik: Nicky Christ
14 Septemrer 2017