La Relèv-John Steve Brunache

Genre-Other
Year-1994
Lyrics By-John Steve Brunache
[Verse]
Gade kisa egzòd fè lakay mwen
Gade kiyès batey pran lakay mwen
Nèg Ayisyen gason vanyan yo
Nèg Nago Gaga, nèg Ginen yo
Kilès k’a ede m chante
Kilès k’a ede m sakle
Kilès k’a ede m plante
Ki va ede mwen rekòlte

Anye anye, anye anye, anye anye
Frè m yo ale Simbi lan dlo
Frè m yo ale Ginen lan bwa

[Verse]
Kilès k’a ede m rache diri
Kilès k’a ede m kase mayi
Avèk ki m’a va al nan sori
Avèk ki m’a va al nan kòve
Kilès k’a ede m keyi kafe
Kilès k’a ede m simen pitimi

Frè m yo ale Simbi lan dlo
Frè m yo ale Ginen lan bwa

Sa fè nanm mwen g’on sanglo wo
Ki sanble Yanvalou lan dlo

[Verse]
Ou pa wè nanm yo g’on fòlklò wo ki sanble ak kilti pèp la
Pa tande kè yo g’on tanbou wo ki bat tankou tanbou vodou
Tim-tim bwa chèch kilès k’ap vin pran la relèv
Pou la kilti ka leve tèt
Si egzòd vin rasanbleman wo, braceros va tounen kay manman
Tim-tim bwa chèch kilès k’ap vin pran la relèv

Frè m yo ale Simbi lan dlo
Frè m yo ale Ginen lan bwa

Tim-tim bwa chèch kilès k’ap vin pran la relèv
Pou met Ayiti kanpe woy

Anye anye, anye anye, anye anye