Ede'm Chante-Boukan Ginen

Genre-Rasin
Year-1995
Lyrics By-Eddy François
Ey...
Gen lontan n’ap chèche
Yon kote pou n viv, yon kote pou nou tout ka viv an pè vre
W’a ede m chante chante sa a

Monkonpè mwen awoulo woulo woule
Monkonpè mwen

E se chita n chita n’ap gade
Nou wè se tout bon lavi n menase vre
Fò n ede m chante chante sa a

Moun chowoulo, frè mwen
Monkonpè mwen awoulo woulo woulo
Monkonpè mwen

Ey...
Twòp pwoblèm nan peyi mwen
Fè nou pa ka jwenn yon kote pou nou tout ka viv an pè vre
M’oblije chante chante sa a

Monkonpè mwen awoulo woulo woulo
Monkonpè mwen
M’oblije chante chante sa a
Moun chowoulo, frè mwen


Ey mezanmi kouman nou ye

Kouman nou ye anba tèt chaje sa yo

Kouman nou ye anba vant kòde sa yo

Kouman nou ye la, kouman nou ye anba maswife sa yo