Tande Kri A Yo-Eddy François

Genre-Rasin
Year-2008
Produced By-Andy Barrow
Lyrics By-Eddy François
[Verse 1]
Pouki la haine pran plas lanmou?
Pouki souri nou vin anmè l’ pèdi gou?
Adje tande kri a yo, tande kri a yo
Sove yo souple

[Flute]

[Verse 2]
Se vre gade n’ap vanse pi pre lafen dimond
Latè ap wouze ak san n k’ap koule
Ak po zye n k’ap tonbe
Tande kri a yo (5x)

[Verse 3]
Pouki lagè pran plas lapè?
Pou kisa yon papye gen valè pase yon frè?
Tande kri a yo, tande kri a yo
Souple sove yo

[Flute]

[Verse 4]
M’pata renmen wè pou n’ap chèche nan fènwè
Si w t’ap tann solèy pou klere devan je w
Wa wè mond lan chanje
Wa wè mond lan k’ap chante
Tande kri a yo (4x)

[Bridge]
Frè m yo, vi n aproche n bay Bondye
Mwen di w ouvè nanm ou
Kite l antre, kite l aji nan ou

[Verse]
Pouki la haine pran plas lanmou?
Pouki souri nou vin anmè l’ pèdi gou?
Adje tande kri a yo, tande kri a yo

[Chorus]
Mwen ta vle w tande yo – Tande
Se pou koute yo – Kri a yo
Mwen te di w tande yo – Tande
Mwen te di w koute yo – Kri a yo
Mwen te di w tande yo – Tande
Mwen te di w koute yo – Kri a yo
Mwen te di w tande – Tande sove yo
Tande kri a yo (3x)
Tande sove yo

[Flute]