Lè'm Pa Wè Solèy La-Jean-Michel Daudier

Genre-Other
Year-1986
Lyrics By-Jean Michel Daudier
[Verse 1]
Se youn nan bèl bagay ke Bondye ka ban nou
Yon Radyo Solèy ki pou eklere nou
Ki pou di n sa ki byen, ki pou di n sa ki mal
Lè n pa gen lafwa, lè n pèdi lespwa

[Refrain]
Lè m pa wè solèy la
Mwen pa ka leve, m’pa ka kanpe
Pa ka mache, pa ka kouri
Kè m pa kontan, mwen pa sa viv

[Verse 2]
Kou kòk la chante mwen renmen pran solèy
Pou m konn kijan vye fanmi mwen yo ye
K’ap travay tout jounen anba yon flanm solèy
Pou pote manje ban nou manje lavil

[Refrain]