Si'w Vle'm -Konpa Kreyol

Genre-Konpa
Year-1998
De zan depi n' renmen cheri
De zan depi youn danmou lòt
Jamais nou pa janm gen problèm
Juskaske li rantre nan vi'w
Eske se mwen k' pa bò tandresse?
Eske se mwen ki manke sou mwen?
Eske se li, eske se nou?
Wa padone'm si m' te bal yon chans


Nan telefon nou t'ap pale
Ou fè m' konprann ke se nou de
Bay randevou sa pa mache
M' bouke ret tann, tan ap pase
De je'm bouche, m'pa wè devan'm
Mwen pa vle kwè yo revoke mwen
Kisa k' ta di sa ta rive
Si w' gen pitye pase men pran'm
Si w' vle'm pran mwen
Pran mwen pou demen
Si w' vle'm di mwen oh! Ah
Si w' vle'm pran mwen
Pran mwen pou demen
Si w' vle'm di mwen oh! Ah

Se pa yon rezon cheri pou w' ban'm
Kouraj si w' pa renmen'm
Men sa ka rive tou kè w'
Pa ka chwazi antre nou tou
De sèl bagay m' konnen Cheri
Mwen pap dezyem plas

Si w' vle'm pran mwen
Pran mwen pou demen
Si w' vle'm di mwen oh! Ah
Si w' vle'm pran mwen
Pran mwen pou demen
Si w' vle'm di mwen oh! Ah

Eske'w bliye tout sa'n pale?
Eske'w bliye tout sa'n te fè?
Eske'w bliye tout sa'n te di?
Alors cheri yon denye chans
Si lanmou bay bonè
E si lanmou gen jistis
E si lanmou pa gen rankunn
Alors cheri yon denye chans

Si ou vle'm; si ou renmen'm
Di'm ou renmen'm
Di'm ou renmen mwen
Di'm ou damou mwen
Di'm ou renmen mwen
Yon ti manti pou m konsole cheri
Di'm ou damou mwen

Si w' vle'm pran mwen
Pran mwen pou demen
Si w' vle'm di mwen oh! Ah
Si w' vle'm pran mwen
Pran mwen pou demen
Si w' vle'm di mwen oh! Ah
Si'w vle'm pran mwen
Pran mwen
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016