Sa'w Pran Se Pa'w-Djakout #1

Genre-Konpa
Year-2014
[Police sirens]
O o, tèt charjeuuu
[Chorus]
Ala bèl bagay lè moun damou rekonsilye
Menm si yo batay, si w fouye bouch sa ki rive w se ou k chèche l
[Verse 1]
Mwen gen yon bon patnè m ki toujou di m tout afè l
Depi l kontre avè m se mwen ki fè l wè erè l
Li te g’on menaj infidèl avèk yon vizaj ki ka twonpe w lè ou wè l
[Chorus]
Ala bèl bagay lè moun damou rekonsilye
Menm si yo batay si w fouye bouch sa ki rive w se ou k chèche l
[Verse 2]
Yon jou Sen Vanlanten patnè m vin plenyen banmwen
L’al fouye bous manmzèl chokola fè kenken
Kòm yon bon zanmi mwen pwofite san ipokrizi di l la verite
Misye fache l’ale wi
[Chorus]
Deblozay pete, anbilans debake lakay misye (Ala mechan)
Deblozay pete, lapolis debake vinn fè m eksplikasyon
M’tande m koupab, se vreuuu?
[Keytar groove]
Se bon pou mwen, yo te pale m
Regi, met granmoun sou ou
Rewind selecta
Pow pow…it’s alright
[Chorus]
Pa fouye bouch ou nan zafè moun damou
Pa mele tèt ou nan koze moun damou
Sa w pran se pa w
Sa w pran se pa w, wi se pa w
Ou wè mari entèl w’al pale
Sa w pran se pa w, wi se pa w
Ou wè madanm entèl w’al pale
Sa w pran se pa w, wi se pa w
Ou wè menaj entèl w’al pale
Sa w pran se pa w, wi se pa w
Nenpòt kisa w wè w’al rakonte
[Chorus]
Pa fouye bouch ou nan zafè moun damou
Pa mele tèt ou nan koze moun damou
La fè w wont wi
(Pa fouye bouch ou)
Moun damou pa kite
Ya man, selecta
Ti Lion, le roi de la jungle
Platforme, a la pale m’te konn pale
Si w renmen modèl konpa k’ap jwe la a, ouvè de bra w pran konpa
[Keyboard solo]
Men li papa
Epa epa, men papa konpa a
Ahny, ti bebe, men bibron
Zopodododo…
Kiyès sa a hein?
Epa epa, men papa konpa a
Epi kite konpa mache sou stabilizatè
[Keytar groove]
Wi, wi, wi
M’vle wè w pa danse
[Chorus]
Pa fouye bouch ou nan zafè moun damou
Pa mele tèt ou nan koze moun damou

Gade, retire kò w nan sa w ye a tande
Konpa….ay!
Wi, wi
Epi, si w paka jwe konpa konsa, al jwe disco

Sa w pran se pa w, wi se pa w