Dezòd-Balalatèt

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2014
Produced By-Peezy
Lyrics By-Daniel

[Intro]
Heavy Headz Music
Han yeah...
Balalatèt di yo sa
Ha ha..han…
Balalatèt

[Hook]
Gad jan 'on piti dezòd
Tout sa m fè dezòd

[Verse]
Sa se Balalatèt, ah wi ou konn sa deja wi
M’ap lage hit pa pakèt, li fè tout lòt rapè rayi m
Pouvwa m nan bounda m wi, gen moun ki ta vle konsa wi
Baz mwen mache pare e mwen konn de twa nèg lari
Pinga w fache pou sa, ou fou ou quoi?
Game nan twò fasil ou pa, paske pou mwen pa gen pwa
Ha..sa l ye la a? Medam vinn danse sou sa
Mwen di sa m vle sou track, kounya wa di m sa w’ap fè pou sa
Tout sa k sou mwen dezòd, tout sa m genyen dezòd
Mwen telman chaje klas yo banmwen ti nom lekòl
Lirik sa yo dezòd, tout nèg k'avè m yo dezòd
M'ap byen vire nan vil la paske machin mwen dezòd
Yo banm ti nom kanibal, manje tout rapè pa tikal
Ou pa gen sa a nan men w, poze non ti mal
Mwen pran yon lòt level, gad jan 'on track detay
M’ap repete sa ankò, Peezy kote w jwenn ak beat sa a?

[Hook]
Gad jan 'on piti dezòd (3x)
Tout sa m fè dezòd
Tout sa m mete yo dezòd
Tout snapback mwen yon dezòd
Tout fanm mwen yo dezòd
Fanatik mwen yo dezòd
Baz mwen an dezòd
Tenis ki nan pye m dezòd
Depi yon bagay fre, ou mèt rele l dezòd

[Bridge]
E fanm ki avè m la renmen nèg ki dezòd
Fanatik yo wè m yo di mwen gen yon swag ki dezòd
Lòt rapè yo monotone, bay chalè menm nan otonn
Sa k gen nou cho konsa?
Ou ka fè sa ou menm?

[Verse]
Depi m drop gen nèg ki paka kwè
Gen sa k'ap pale m mal men lè yo wè m yo gen kakarèl
Nom n nan bouch tout rapè men yo konnen m'gon gou amè
Tout sa k’ap di se yo k pi fò, mwen pral ba yo tout kanè
M'rèd amò, gen nèg ki pa dakò
Mwen s'on Mercedes e nèg sa yo se Honda Accord
Tonèr, leve men n anlè banm gade si n abò
Balalatèt, ah wi medam yo di "Je l'aime à mort."
M'ap avili yo, m'eklate nan figi yo
Mizik sa a pral ret kole nan radyo bus ak taxi yo
Tout moun ap di m yo renmen sa
Track sa a s'on digèt okenn gadyen pap ka kenbe sa a

[Hook]
Gad jan 'on piti dezòd (3x)
Tout sa m fè dezòd
Tout sa m mete yo dezòd
Tout snapback mwen yon dezòd
Tout fanm mwen yo dezòd
Fanatik mwen yo dezòd
Baz mwen an dezòd
Tenis ki nan pye m dezòd
Depi yon bagay fre ou mèt rele l dezòd

[Outro]
Han..yeah
Balalatèt
Heavy Headz
Peezy, kote w jwenn ak beat sa a
Tou nouvo tou bon
Ou pa gen sa a nan men w
Gad jan ‘on piti dezòd