Manman (Interlude)-Balalatèt

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2014
Produced By-Philipe
Lyrics By-Daniel
Yeah...
Balalatèt

Manman, gade sa fè lontan m'ap analize
Menm lè bagay yo pa fasil ou g'on jan w pa panike
Ou pa nenpòt manman, ou s'on manman de kalite
Nou ka pa pale chak jou, mwen konnen sa ka rive
Ou toujou nan tèt mwen, m'paka tann vakans rive
Pa gen anyen k'ap ranplase w nan kè m pou tout sa w sakrifye
Mwen pa powèt, men pou ou m'ekri yon ti mizik rime
Nan mitan nwit m'konn sonje w, sa konn banm anvi kriye
Manman eske sa yap di a eske se verite
M'tande papa malad, li gen cancer, sa k pral rive?
Dèfwa m'konn ap mande Bondye si se sa nou merite
Kounya mwen paka dòmi, sa pa fasil pou dijere
M'renmen ekri mizik paske se konsa m'eksprime m
Lank ki nan plim mwen an pa gendwa gaspiye
Ou fè 7 pitit, se yon ti ekip foutbòl nou ye
Ou renmen nou tout anpil, sa s'on lòv ki saturé
Men kounya papa mouri e tout bagay chavire
Gen bagay ki rive nan lavi sa a ou paka bliye

Oh oh, oh oh
Manman manman
Oh oh ,oh oh