Haiti Mondial-Shabba Djakout

Genre-Other
Year-2013
Featuring-KingD, Black Alex, Rousevelt
Oh hey oh

[Chorus]
Adonde vas (3x)
A la copa del mundo

[Verse 1 – King D]
Nan zafè foutbol lakay Haitien pa janm sispann parie
Se yon gran moman pou yo depi se coupe du monde yo pa vle negosye
Yo toujou ap fè gro discusyon tèlman yo gade foutbol avèk pasion
Genyen ki konn parye machin gen lòt ki rive mise se tout sa yo posede
Ninpòt nan yo ki ta pran yon gòl - wepa
Demen matin tout moun sou pawòl – wepa

[Chorus]

It’s a real thing
This is king D Shabba Black Alex

[Verse 2 – Black Alex]
A 74 nan coupe du monde ki tap fèt nan peyi lalmay
Manno Sanon Ti Piè.. te tout pou yo
Sa son’w bèl bagay lè tout atis reyini pou chante
Si’n kap konprann nap konprann pa vin gade’m konsa sou aparans
Nan vil la nap fè moun konprann
Lè coupe du monde rive tout Haitien rasanble pou nou ayay ayay

Oh hey oh

[Verse 3 – Shabba]
Na na na nay
Yon pakèt fanatic ki chita nan on ti boutik
Kap pale kap fè diskision – Brasillia
Gen yon bann kale travay yo antre bonè lakay pou yo ka pale – Brasilia
Italie – bay gòl
Argentine – bay gòl
Allemagne – bay gòl
Yo pran tou
Bresil – bay gòl
La Hollande – bay gòl
La France – bay gòl
[2x]

[Bridge]
Gen sak ta renmen wè se yo’k chanpion
Genyen ki ta renmen al nan 2em tou
Gen yon group ki gen dlo nan je
Gen yon pòsion ki kontan kap fete
Ou menm ki toujou renmen ekip ou
Ane sa se ka viktwa pou ou
Fòn pa kriye fete poun fete

Digicel telephone peyi a
Comme il faut
Jako diri pèp la

Vamos (3x)
A la copa del mundo

Mondial la rive mpoko high
Mpoko
.. fon’w bagay pou mwen poum ka high
Haitien yo kote nou ye
Fanatic Bresil Argentine yo ap tann pou yo vin fete nou ka gen kriye
Mpoko high mpoko ayayay