Sida-Wanito

Genre-Other
Year-2019
[Verse 1]
M gen on demwazèl mezanmi mwen renmen anpil
Chak jou m koutize l di l kijan m ta renmen nan vi l
Yon bèl vi chaje bonè se sa mwen toujou ap ofri l
Se t ap pi gwo onè nan vi m si m ta wè m vin mari l
Chak fwa mwen di l jan m renmen l dlo toujou kouri nan je l
Li pa janm di m sa l genyen malgre m konn ap pèsiste l
Bagay la toumante m lè m wè m pat konn sa k nan panse l
Men ofon mwen ka wè g on bagay k ap trakase l
Yon jou li leve li di m mwen jodia fòk li ban m verite
Se kè l kap rache li renmen m men relasyon sa pap ka mache
Lavi l konplike li di m se pa bagay li renmen pataje
Men l pa ka kache m li g on maladi li pa vle m kontamine

[Chorus]
Li di m li gen sida da da da da
Lavi li tèt anba ba ba ba ba
Li di mwen g on sèl chwa chwa chwa chwa
Se di li orevwa

[Verse 2]
M tèlman sezi si w pike m ou pap jwenn on gout san
Jan ti po l byen bèl byen swa, jan l anfò m, jan li resan
Pa tap janm panse li malad sa vrèman agwasan
Mwen twouve m nan yon sitiyasyon trè anbarasan
Mwen di l mwen dezole pou sa k rive l la sa blese m
Li di m se pa fòt pa m se fòt lavi just ekata m
Li di m nan vi mizerab li a l pa vle entegre m
Mwen just reponn mèsi paske l pat chwazi enfekte m
E kwè mwen si w vle malgre l di l malad la santiman m pa chanje
Men gen danje, avanti sa oblije pa ka kontinye
E mwen jire m ap toujou sipòte m nenpòt kijan sa ye
Pou li m ap priye sou li pou maladi sa pa janm deraye

[Chorus]

[Bridge]
Paske li gen sida mwen pap imilye li pou sa
Maladi se sou moun li tonbe se pa sou bwa
M ap ba l kouraj, ba l fòs ba l sipò
M ap menm priye avè l resite tout sòm

[Chorus]