Fidel-Zenglen

Genre-Konpa
Year-1990
Se konsa, se konsa, se konsa lavi a ye
Lè ou vle met chanjman, rezistans tèt chaje

Gen 20 an, te g'on jenerasyon k'tap jwe
Yon mizik ki pat sanble ak sa k' te la
Manman mwen, papa mwen, tout fanatik Sicot, Nemours
T'ap rele ki kote sa prale?

Se konsa, se konsa, se konsa lavi a ye
Lè ou vle met chanjman, rezistans tèt chaje

Jodia Zenglen nou pran yon lòt chimen
Pou nou fè jenerasyon nou an danse
Ban n lajwa toulèjou ki pe mennen nou ale lwen
E poutan nou pap janm bliye konpa

Zenglen an nou alèz

Oh banou lanmou menm si n'ale lòt bò fwontyè
Depi nou la, oh la la, nou ka simen lajwa nan kè tout moun

Fidèl, nou vle rete fidèl oh, Zenglen pe fè chimen an
Pou nou ale oh la la, epi lanmou epi tandrès

Oh al'on lavi, eske ou la pou banm plis tan
Pou nou mate oh la la, epi lanmou epi tandrès

Modèst, nou vle rete modèst oh, menm si n monte sou montay la
Pout tèt an nou janmè vire, epi lanmou oh la la

[Guitar solo]

Pou nou ale, ale chèche yon lòt chimen
Una nueva generación, una nueva dirección

Oh al'on lavi, eske ou la pou banm plis tan
Pou nou mate oh la la, epi lanmou epi tandrès

Wo oh oh

Sa k' pou pranm pou m bliye music peyi mwen
Sa k'a pran m pou m bliye rasin an mwen
Sa k' pou pran m pou m bliye music peyi mwen
Sa k'a pran m pou m bliye culture pa mwen

Ayisyen nou ye,
Se Kongo nou ye
Men se Kongo nou ye
Se konpa nou jwe
Nati Kongo nou ye, nou ye
Se konpa nou jwe
Se nèg Nago nou ye, nou ye, nou ye
Se konpa nou jwe

Wo oh
Ra...woh oh oh